Raoul Gérard : Agresyon enperyalis ameriken nan mond lan

Raoul Gérard : Agresyon enperyalis ameriken nan mond lan

Lè nap pale de agresyon enperyalis Meriken, nap pale de sektè ki gen monopòl ekonomik la tankou, endistri militè yo kap konstwi gwo zam fann fwa pou fè lagè, konpayi petwòl yo kap eksplwate resous enèjetik toupatou nan mond la, sektè finans la (bank yo, USAID, Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal (FMI), òganizasyon mondyal komès (OMC/WTO). Fòk nou pa bliye wòl de enstitisyon tankou LONI, OEA ap jwe nan kad dominasyon mondyal enperyalis yo. Tout enstitisyon sa yo mare kòd lonbrit yo pou kontwole mond la nan enterè peyi enperyalis yo, prensipalman enperyalis Meriken an. 

Si nou fè yon ti retou nan listwa peyi Etazini, nap wè se yon peyi ki toujou gen yon politik entèvansyonis.  Pa ekzanp, nan 250 lane depi ekzistans peyi sa a, se pandan 16 lane sèlman nan listwa li peyi Etazini pa fè lagè. Kidonk, klas dominan Meriken yo toujou bezwen fè lagè pou ekspansyon ak kontwol nouvo mache ak piyaj resous natirèl yo tou. Se nan sitiyasyon aktyèl sa a nou ye kounye a. 

Se agresyon sou agresyon tout kote soulatè. Nan lespas yon lane selman, enperyalis meriken an:

1) atake peyi Venezyela kote li kidnape prezidan an 

2) li enpoze yon blokis naval sou peyi Kiba kote li paralize ekonomi a 

3) li bonbade peyi Nijerya sou baz gouvènman an ap pèsekite kretyen  

4) li menase peyi Kanada ki refize entegre Etazini kòm 51nyèm eta 

5) li menase pou l anvayi Greenland, yon rejyon semi otonòm peyi Danemak 

6) li ogmante tarif dwanye sou yon pakèt peyi ki an konpetisyon komèsyal ak peyi Etazini 

7) li fè menas ak presyon sou CPT a, nan dat 7 Fevriye 2026, pou aksepte Alix Fils Aime nan tèt peyi a. Te gen bato militè nan rad Pòtoprens anka bagay yo pa anfavè Fils Aime 

8) li fè atak militè kont peyi Iran nan dat 28 Fevriye 2026.

Dominasyon sistèm enperyalis la mache ak represyon, destriksyon, agresyon toupatou soulatè. Depi yon peyi gen richès natirèl, li kondane pou sibi tout fòm agresyon enperyalis yo. Se yon dominasyon ki kache dèyè vwal demokrasi, libète lapawòl, dwa imen, jistis toupatou soulatè. Kesyon dwa imen an se yon ipokrizi yo poze sèlman pou peyi ki pa anba titèl yo. Se yon politik 2 pwa 2 mezi enperyalis Meriken yo itilize pou ranvèse gouvènman ki pa nan enterè yo. Anlèvman Madouwo a se yon ekzanp ki demontre sa klèman. Twomp di ouvètman petwòl Venezyelyen se pou Meriken li ye. Pa ekzanp, premye bagay Twomp fè se envite tout chèf konpayi gaz ak petwòl yo pou envesti nan petwòl Venezyela a. 

Fòk nou pa janm bliye solidarite ki ekziste ant pèp Ayisyen e pèp Venezyelyen an. 2 pèp sa yo gen yon istwa ki date depi byen lontan. Nou pa dwe bliye sipò pèp Aysiyen pou pèp Venezyelyen an nan lit pou endepandans li. E nou pap bliye tou sipò pep Venezyelyen an pou pèp Ayisyen an nan moman difisil li. Pa ekzanp, gen fon petwokaribe ki te evalye a $4.8 milya dola vèt ke boujwa ak politisyen Ayisyen te gagote. Nou panse solidarite fratènel ant 2 pèp yo enpòtan anpil paske tou 2 pèp yo ap fè fas a menm lènmi an.

Sa valab tou pou peyi Kiba yon lòt peyi souvren kap batay pou prezève endepandans ak souvrènte li. Sa gen plis pase 67 lane depi meriken yo enpoze yon anbago ki vreman kwense ekonomi peyi a. Nan jounen jodi a, yo enpoze yon blokis naval kote yo bloke tout rapò komèsyal ki ekziste ant Kiba ak lòt peyi. Se yon krim kont limanite. Pa ekzanp, peyi Kiba te benefisye asistans ekonomik peyi Venezyela nan domèn enèji (gaz/petwòl). Tout èd sa yo koupe depi apre Meriken yo te kidnape Madouwo. Objektif blokis naval la se pou mete pèp la dozado ak gouvènman an,  kreye yon soulèvman popilè pou ranvèse gouvènman an. Se ekskiz sa yap chèche pou entèvni militèman sou baz se ede yap vini ede pèp Kiben an. Jan sa konn di: « Pèp òganize pa janm pèdi batay ». Pèp Kiben an fè prèv kote li gen plis pase 67 lane lap reziste kont agresyon meriken yo e lap kontinye reziste jiska prezan kont tout nouvo fòm dominasyon ak agresyon, yon lòt fwa ankò. 

Sa ki domine aktyalite mondyal la se atak enperyalis Meriken an ak gouvènman syonis Izrayèl sou peyi Iran. Agresyon kont Iran an fèt omoman meriken yo tap negosye ak peyi Iran sou pwogram nikleyè li. Yo itilize sa kòm pretèks pou atake Iran sou baz Iran ap devlope zam nikleyè. 

Men kèk nan rezon ki eksplike atak la : 

a) Iran se sèl peyi souvren nan rejyon an ki pa anba dominasyon meriken 

b) Iran se youn nan peyi ki gen plis petwòl ak gaz e meriken yo pa gen aksè a rezèv sa yo 

c) Iran se yon manb BRICS, gwoup peyi k ap fè echanj komèsyal san yo pa itilize dola meriken

d) Iran se pilye mouvman rezistans la ki  bloke pwojè ekspansyon Izrayel la nan zòn lan. Pa ekzanp, se Iran kap sipòte mouvman rezistans Palestinyen yo, Libanè yo ansanm ak lòt mouvman rezistans anti enperyalis nan rejyon an 

e) Iran chita nan zòn ki pi estratejik kote bato kap transpòte anviwon 20 a 25 pousan gaz ak petwòl pase. 

Ajoute sou sa, dola a ap pèdi valè paske anpil peyi vle sòti anba sistèm echanj komèsyal mondyal ki fèt an dola. Kidonk, nou panse tout agresyon yo se yon siy feblès enperyalis meriken an. Se sa ki fè nap fè fas a yon veritab malè pandye e yon kalfou danjere nan listwa limanite.

Ki altènativ Kan Pèp la genyen pou fè fas a kriz aktyèl la?

Jounen jodia, se kouman sezi opòtinite sa a, pou pèp travayè yo atravè mond lan pran kontwòl desten yo. Nan sans sa, Ayiti Koupe Fache solidarize ak pèp Kiben, Venezyelyen, Iranyen, Palestinyen, Libanè ak tout lòt pèp ki viktim agresyon kriminèl tout peyi enperyalis yo ak syonis teworis jenosidè Izrayelyen yo. Nou panse solidarite de klas nan Kan Pèp la toupatou nan mond la enpòtan anpil nan lit kont tout fòm agresyon militè peyi enperyalis yo. 

Viv Inite Kan Pèp la toupatou soulatè.

J’aime ça :

J’aime chargement…

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *