Kisa moun ki gen TPS ayisyen yo dwe fè kounye a apre desizyon Lakou Siprèm lan

Kisa moun ki gen TPS ayisyen yo dwe fè kounye a apre desizyon Lakou Siprèm lan

Overview:

Yon gid pratik ki baze sou rekòmandasyon lidè ayisyen yo apre desizyon Lakou Siprèm lan sou TPS la. Gid la eksplike sa moun ki gen TPS, Ayisyen Ameriken, alye yo ak òganizasyon kominotè yo kapab fè kounye a.

Lakou Siprèm lan pran desizyon li. Menas yo reyèl. Men lidè ayisyen yo ak defansè dwa imigran yo di se pa moman pou panike. Se moman pou òganize, prepare epi pran aksyon.

Kisa pou w fè kounye a: Men yon gid aksyon pou kominote ayisyèn apre desizyon sou TPS la

Sign up for our free newsletters.

Lidè ayisyen yo bay etap ijan pou moun ki gen TPS, sitwayen ameriken, alye ak òganizasyon sèvis yo pandan batay la ap deplase soti nan tribinal pou rive nan Kongrè a.

Gid sa a baze sou rekòmandasyon dirèk lidè kominotè yo, defansè dwa imigran yo ak òganizatè yo. N ap mete l ajou amezi nouvo enfòmasyon ap vin disponib.

Click here for the english version

Pou jwenn dènye enfòmasyon ofisyèl gouvènman federal la, ale sou paj USCIS Temporary Protected Status (TPS) epi desann sou bò gòch la jouk nan seksyon Ayiti.

PATI I: RESOUS KI DISPONIB POU OU

A. Ki kote pou jwenn èd nan zòn ou oswa nenpòt kote Ozetazini

Kalifòni

Kolorado

Florida

Indianapolis

Massachusetts / New England

Boston Mayor Michelle Wu and Councilor Ruthzee Louijeune join city officials and community members for the Haitian Flag Raising ceremony at City Hall Plaza on May 15, 2026. Photo courtesy of the Mayor’s Office/John Wilcox.

New Jersey / New York 

Ohio 

Zòn Springfield

Zòn Columbus  

Nationwide

B. Kesyon yo poze souvan, zouti ak lòt resous pou ede w pran aksyon

C.  Reyinyon enfòmasyon, fowòm kominotè ak reyinyon sou Zoom  

  • NHAEON national press conference  
    • June 29 @ 11:00 am – 5:00 pm
    • To be livestreamed from Miami on the NHAEON site  

Ale sou The Haitian Times community events section pou nouvo enfòmasyon.

PATI 2: KONSÈY JENERAL POU TOUT MANM KOMINOTE A AK SIPOTE YO 

Mayor Eric Adams deliver sremarks at a flag-raising ceremony for Haiti at Bowling Green Park in Manhattan on Wednesday, May 17, 2023.

Defansè dwa imigran yo di toujou gen yon ti bout tan — 32 jou apati desizyon 25 jen an — pou tout moun konprann:

  • Règ sou pèmi travay
  • Responsablite patwon yo
  • Opsyon legal ki disponib
  • Aksyon Kongrè a ka pran
  • Nouvo direktiv Depatman Sekirite Enteryè ak ICE

Yo ankouraje tout moun sèvi ak tan sa a avèk entelijans.

Pa disparèt

Pa panike

Òganize. Prepare. Defann dwa w

A. Pou moun ki gen TPS 

Kenbe tèt ou frèt. Pa pran desizyon anba panik.

Lidè kominotè yo avèti kont desizyon prese ki baze sou laperèz, rimè oswa presyon moun k ap pwofite sitiyasyon an.

Pa fè sa yo:

  • Pa sispann al travay san ou pa konnen tout opsyon ou genyen.
  • Pa retire tout kòb ou nan bank.
  • Pa mete kay ou, machin ou, lajan ou oswa lòt byen sou non yon lòt moun san konsèy yon avoka ki ap travay nan enterè ou.

“Desizyon yo dwe pran ak tèt frèt,” se konsèy Guerline Jozef, direktè egzekitif Haitian Bridge Alliance. Vizite sit entènèt òganizasyon an pou jwenn zouti, tankou modèl lèt pou patwon.

Chèche bon enfòmasyon

Evite move enfòmasyon.

Fè sa yo:

  • Kontakte òganizasyon ou fè konfyans tankou Haitian Bridge Alliance.
  • Patisipe nan klinik legal ak reyinyon kominotè sou Zoom.
  • Pale dirèkteman ak yon avoka imigrasyon ki gen lisans.

Pa konte sou:

  • Moun sou TikTok k ap fè tèt yo pase pou avoka.
  • Rimè k ap sikile sou WhatsApp.
  • Mesaj ki fèt pou simaye laperèz.

Prepare oswa revize plan ijans fanmi w depi kounye a

Defansè yo di preparasyon enpòtan anpil.

Poze tèt ou kestyon sa yo:

  • Ki moun ki pral pran swen pitit ou si yo arete w?
  • Ki moun ki pral jere lwaye, bòdwo oswa biznis ou?
  • Ki moun ki kapab ede w si ou gen bezwen medikal?

Fè sa yo:

  • Rasanble tout dokiman enpòtan yo.
  • Mete pyès idantite, paspò ak dokiman imigrasyon ansanm.
  • Chwazi yon moun ou fè konfyans pou reprezante w si sa nesesè.
  • Reflechi sou posiblite pou ba li yon pwokirasyon (power of attorney).

Enpòtan: Se dwe yon moun ki vrèman gen enterè ou nan kè.

Pataje istwa pa w

Defansè yo di vwa ou enpòtan.

Ou kapab:

  • Rakonte istwa ou piblikman.
  • Rakonte li san non ou.
  • Fè yon mesaj odyo.
  • Pataje eksperyans ou ak òganizasyon kominotè yo.

“Si ou pa pale, p ap gen pèsonn k ap vin sove w,” Jozef di.

B. Pou fanmi ki sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan

Rele senatè w yo — ansanm ak lòt eli yo

Defansè yo di objektif ijan an se fè Sena a adopte pwojè lwa  S.4814, la ki ta bay moun ki gen TPS yon chemen pou jwenn rezidans pèmanan oswa sitwayènte.

Mande yo pou yo:

  • Sipòte pwolongasyon TPS pandan twa ane.
  • Sipòte pwoteksyon imigrasyon alontèm.
  • Sipòte yon chemen pou rezidans pèmanan.

Rele eli lokal yo

Mande yo pou:

  • Kontakte senatè yo dirèkteman.
  • Sipòte piblikman moun ki gen TPS.
  • Defann pwoteksyon pou kominote ayisyèn nan.

Montre sipò ou plis pase leve drapo

Defansè yo di sipòte Ayiti pa limite ak selebrasyon oswa parad.

Sa vle di:

  • Pran aksyon politik.
  • Patisipe nan lavi sivik.
  • Pwoteje fanmi ayisyen yo.
  • Bay òganizasyon serye yo sipò finansye.

C. Pou zanmi, vwazen, kòlèg travay ak patwon

Si yon moun ou konnen gen TPS, batay sa a konsène ou tou.

Rele senatè w yo

Mande yo sipòte pwojè lwa S.4814 la. Ou ka sèvi ak modèl lèt ak gid Faith in Action International ansanm ak fòm Haitian Bridge Alliance prepare a.

Fè tande vwa ou

Pale piblikman.

Lidè kominotè yo di silans patwon ak lidè biznis yo fè kominote a plis vilnerab.

Sipòte fanmi yo ak sa yo bezwen chak jou

Si ou kapab, ede ak:

  • Gadri pou timoun.
  • Transpò.
  • Referans legal.
  • Sipò emosyonèl.
  • Planifikasyon ijans.

Bay tan ou oswa fè don

Si ou kapab, kontribye lajan oswa sèvi kòm volontè nan òganizasyon ki serye.

Anpil òganizasyon legal ak kominotè bay asistans dirèk pou moun ki gen TPS. Rele oswa voye mesaj ba yo pou jwenn konsèy ak sipò.

Don yo ede finanse sèvis tankou:

  • Konsèy legal.
  • Bank manje.
  • Livrezon pwovizyon.
  • Gaz.
  • Lòt asistans ijans.

D. Pou òganizasyon kominotè, legliz ak founisè sèvis yo

Moun bezwen repons kounye a.

Envite avoka imigrasyon ki gen kredibilite pou eksplike klèman sa ki posib ak sa ki pa posib.

Prepare dokiman senp

Defansè yo mande pou gen:

  • Dokiman yon paj.
  • Resous ki fasil pou pataje.
  • Enfòmasyon klè an angle ak an kreyòl.

Kreye rezo sipò

Gen moun ki ka sispann:

  • Ale travay.
  • Al achte manje.
  • Ale nan randevou yo.

Prepare pou ede ak:

  • Manje.
  • Transpò.
  • Gadri.
  • Akonpayman legal.
  • Sipò pou kontak ak ICE oswa lòt ajans imigrasyon.

Veye kont magouy

Lidè yo avèti gen moun k ap pwofite sou laperèz moun.

Veye pou:

  • Fo avoka oswa moun k ap fè tèt yo pase pou avoka.
  • Sèvis legal ki twò chè.
  • Fo kontra.
  • Magouy sou kay, tè oswa kont labank.

Rapòte nenpòt abi bay lapolis oswa yon òganizasyon kominotè ou fè konfyans.

Support our work

As an independent publication, we rely on contributions from readers like you to fund our journalism.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *