Sou dokiman 2 janvye 1804 la, siyen pa Dessalines kòm Gouvènè Jeneral, deviz la klè : “Liberté, ou la mort.” Pa gen konfizyon. Se te pawòl lagè, pawòl desizyon final, pawòl yon pèp ki soti nan esklavaj pou antre nan souverènte.
Men kestyon an rete poze : kilè, nan dokiman ofisyèl Leta ayisyen, deviz sa a disparèt pou bay plas a “Liberté-Égalité-Fraternité”, ki se deviz Revolisyon fransèz la? Èske se te yon desizyon politik? Yon eritaj administrativ? Oswa yon adaptasyon diplomatik apre separasyon ak Lafrans?
Premye konstitisyon 1805 la pa mete “Liberté-Égalité-Fraternité” kòm deviz ofisyèl. Okontrè, li ranfòse prensip souverènte ak inite nasyonal. Chanjman ideyolojik la sanble fèt pwogresivman pandan 19yèm syèk la, sitou nan peryòd kote elit administratif yo te fòme nan tradisyon fransèz e kote relasyon diplomatik ak Lafrans te vin tounen nesesite estratejik.
Genyen tou yon lòt detay ki frape : sou dokiman 1804 la, peyi a ekri “D’Hayti”. Òtograf la diferan ak sa nou abitye wè jodi a. Sa montre ke menm non nasyon an te sibi estandadizasyon ak refòm grafi pandan plizyè deseni.
Kesyon an pa senp. Li manyen memwa kolektif, souverènte senbolik, ak idantite politik.
Eske nou ranplase yon deviz rezistans ak yon deviz eritaj kolonyal?
Oswa èske se evolisyon natirèl yon Leta ki t ap chèche plas li nan kominote entènasyonal la?
Istoryen yo gen travay pou fouye nan achiv, nan Monitè, nan konstitisyon ak nan lwa òganik pou detèmine egzakteman nan ki moman chanjman sa a vin ofisyèl.
Paske nan istwa, pafwa se pa gwo batay yo ki pi enpòtan, men ti mo ki chanje nan tèt yon dokiman.
J’aime ça :
chargement…




