Nan yon kapsil li te fè pou ankouraje plis moun – sitou jèn yo – patisipe nan “Salon du Livre et des Arts du Grand Nord”, nan kòmansman ane 2026 la, otè liv Paracréolistique la, Marc-Arthur PIERRE-LOUIS, yon entèlèktyèl ayisyen wòdpòt fè konnen, “pa gen anyen serye yon sosyete ka fè san li pa mete liv devan.” Sa fè nou konprann, pou yon peyi pran chimen pwogrè, liv/lekti dwe nan wonnsant lan. Nan atik sa, nou mete pwojektè sou yon aktivite espesyal sou liv ak lekti REN te reyalize. Yon inisyativ ki ka sevis kòm baz pou ede Ayiti pran chimen pwogrè.
Se nan pèspektiv sa, nan mwa fevriye 2026, òganizasyon ki pote non “Rassemblement pour une Entente Nationale (REN)” te pran plezi envite elèv, etidyan, editè, ekriven, pwofesyonèl tout kalite melanje ak manm estrikti a, nan dezyem edition “Jounen liv REN”, yon aktivite literè fètefouni pou ankouraje liv ak lekti anndan pati a.
Alapapòt, se yon inisyativ nou salye, ankouraje epi swete gen lòt òganizasyon an Ayiti ki suiv bèl egzanp sila. Pataje konesans atravè lekti an gwoup, ekspozisyon liv, lekti senik, elatriye., jan de pratik sa yo non sèlman patisipe nan demokratizasyon liv ak lekti nan peyi a, men tou, yo voye yon mesaj klè bay jèn yo nan peyi a pou demen ka pi bèl.
Pandan jounen espesyal sila REN te òganize a, te gen tout kalite liv: politik, ekonomi, epsikoloji, dwa, diplomasi, Leta, sekouris, sosyoloji, literati, antwopoloji, devlòpman pèsonèl… Pou responsab REN yo, objektif la se rive fòme yon jenerasyon sitwayen djanb, solid ki gen plis konesans epi ki grandi ak yon konsyans sitwayen ki kapab pèmèt yo plis marande ak Ayiti.
Pou prensipal majòjon REN an, Mesye Jimmy ALBERT, se yon satisfaksyon total. Pou Mesye ALBERT, konprann anviwònman n ap viv la, konprann espas kote n ap evolye, konprann gran kesyon k ap boulvèse mond lan, konprann menm destine limanite, tout konesans sa yo lib nan liv, yo disponib pou nou li, konsilte yo. Se sou baz sa, Nimewo 1 òganizasyon an kwè, REN gen obligasyon pou fè plis jefò toujou pou li kreye inisyativ pou ankouraje jèn yo vin bon zanmi liv. Mete sou sa, se yon espas kote jèn yo ka vin li, fè deba, reflechi epi jwenn grandèt pou akonpanye yo nan bouske konesans ak limyè.
Yon lòt bò, Pasteure Farah Jovial ALEXIS, Kòdonatris estrikti fanm REN, teknoloji pa vin pou detwi lezòm, entènèt pa reprezante okenn danje pou nou. Okontrè, nouvèl teknoloji yo ofri nou anpil avantaj… Se pito jan n ap itilize yo ki ka itil nou oubyen detwi nou. Rezo sosyo se pa malèpandye. Se nou ki dwe konnen sa nou bezwen. Chaje paj ak kont ki ofri bon jan kontni ki ka meble lespri nou. Nou ka dekouvri kijan pou nou louvri, jere, devlope yon biznis, kijan pou nou jere lajan. Nou ka jwenn liv nimerik, elatriye. Pasteure Phara envite jèn yo byen kontwole tèt yo lè yo sou rezo sosyo yo. Plis yon moun li se plis li gen konesans, se plis l ap aprann fason pou konstwi vi li. Kòdonatris estrikti fanm REN an envite nou li pou nou fòme lespri nou.
Pi bon fason pou nou chanje yon sosyete se rive konstwi sitwayen ki byen konnen istwa peyi a, renmen peyi a. Lekti se yon zouti fondamantal pou nou dekouvri sa nou ye, trajektwa nou kòm pèp. Plis nou konnen kiyès nou ye, se plis n ap renmen sa nou ye a. Renmen li, chouchoute li epi pran swen li pou jenerasyon k ap vini apre nou an ka fyè de li e de nou tou.
Nan sans sa, aktivite REN an antre nan yon demach medyasyon kiltirèl ki rann liv vin pi pre jèn yo, angaje diskisyon ak refleksyon nan lavi sosyal sitwayen yo. Jounen lekti REN an kapab sèvi kòm pon ant mond politik la ak pratik lekti nan sosyete a. Mete sou sa, lè yon òganizasyon politik mete kanpe yon aktivite konsa, nou kapab enskri pratik sa nan kad yon renouvo, yon fòm inovasyon nan fonksyònman òganizasyon politik nan peyi a.
Boutofen, si yon bò, REN envite nou renmen li, renmen liv, ak jounen lekti REN an, pi lwen, nou wè se yon nesesite pou jan de aktivite sa yo gaye toupatou nan sosyete a. Moun ki gen plis limyè yo, gadyen konesans yo, save yo, moun ki li nan lèt fen yo, dwe debouye tankou Mèt Jan Jak pou ede sosyete a pran bon direksyon. Travay pou retire Ayiti nan twouying li ye a. Pataje konesans. Ankouraje popilasyon an pou li vin zanmi liv ak lekti. Pratik lekti toupatou se yon gwo siyal pou mennen sosyete a pran chimen pwogrè.
Iléus PAPILLON
Prezidan fondatè Salon du Livre et des Arts du Grand Nord
J’aime ça :
chargement…
