Primature | Adrès Premye Minis la pou Nasyon an apre fen manda KPT a

Primature | Adrès Premye Minis la pou Nasyon an apre fen manda KPT a

KOMINIKE POU LAPRÈS

Adrès Premye Minis la pou Nasyon an apre fen manda KPT a

Pòtoprens, 7 fevriye 2026 — Nan jounen 7 fevriye sa a ki chaje ak gwo senbòl, ki make yon pwen fondamantal nan lòd konstitisyonèl Ayiti, Premye Minis Repiblik la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, te adrese l solanèlman ak Nasyon an, apre fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT).

Nan yon mesaj ki chaje ak gravite, sans responsabilite ak respè pou Leta, Chèf Gouvènman an te raple ke 7 fevriye se yon dat ki senbolize kontinite repiblikèn, souverènte pèp la ak volonte fèm pèp ayisyen an pou l viv lib, an sekirite ak nan diyite.

Premye Minis la te salye efò ak sakrifis manm KPT yo pandan prèske de (2) lane ki te makonnen ak gwo konpleksite, pandan li rekonèt tranzisyon an poko rive nan bout li, sitou akoz ensekirite k ap kontinye a ak enposiblite pou n te òganize eleksyon yo nan delè ki te prevwa yo.

Fas ak reyalite sa a, li te afime ak fèmete ke Repiblik la pap sede ni devan dekourajman ni devan divizyon. Misyon tranzisyon an rete klè e li pa chanje : retabli sekirite a, òganize eleksyon lib, enklizif ak demokratik, epi remèt pouvwa a bay dirijan pèp la chwazi lib e libè.

Chèf Gouvènman an te reyafime angajman total Leta nan batay kont ensekirite a. Gang ame yo ak tout konplis yo pral rapousuiv san pran souf. Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ak Fòs Lame Dayiti (FAd’H) pral aji ak rigè, kowòdinasyon ak kontinite, jiskaske Leta reprann kontwòl total teritwa nasyonal la epi lapè retounen nan tout fanmi yo.

Konsyan sou dimansyon soufrans sosyal la, Premye Minis la te anonse aplikasyon imedya yon plan imanitè ijans, ki vize pote asistans alimantè, swen sante ak abri bay popilasyon ki pi vilnerab yo, pandan li te souliye ke sekirite ak diyite dwe mache men nan men.

Nan yon apèl fò pou inite nasyonal, li te envite tout fòs viv peyi a — pati politik yo, sosyete sivil la, sektè prive a, responsab relijye yo, atis yo, jèn yo, fanm yo, peyizan yo, sektè popilè a ak dyaspora a — pou yo depase divizyon yo epi rasanble yo bò kote yon pak repiblikèn ki chita sou plan solid : Sekirite – Eleksyon – Redresman ekonomik.

Lè li t ap adrese l tou ak kominote entènasyonal la, Premye Minis la te eksprime rekonesans pèp ayisyen an pou soutyen ki deja bay la, pandan li lanse yon apèl pou yon angajman ki pi solid, pi kowòdone ak dirab an favè estabilite peyi a ak batay kont gang ame yo.

Nan yon angajman solanèl li pran devan Nasyon an, Chèf Gouvènman an te asire l ap mennen etap desizif sa a ak verite, kouraj, fèmete kont laterè, epi ak imanis devan soufrans pèp la, pandan li raple ke Leta ap rete enpasyal, kòm enstitisyon kila pou garanti libète , jistis ak transparans pwosesis elektoral la.

Pou fini, Premye Minis la te lanse yon apèl pou konfyans, kouraj ak vijilans sitwayèn, pandan li te afime ke yon pèp ki ini pa janm pèdi chemen li, e ke Ayiti ap leve kanpe ankò gras ak inite, sans devwa ak responsabilite kolektif.

« Lè rasanbleman an rive. Leta reprann plas li. Lavi dwe reprann. Ayiti pap peri. »

— FEN —

J’aime ça :

J’aime chargement…

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *