KLAS OUVRIYÈ A POTE KOLE AK VENEZUELA
Klas ouvriye a ak mas popilè yo nan mond la poko janm fin fè bilan gwo lagè enperyalis ameriken fè depi 30 denye ane ki pase yo. Gen chif ki pale de plis pase 38 milyon moun ki vin refijye nan plizyè rejyon tankou Mwayenn Oryan, Lafrik elatriye. Dapre sèten done, gen plizyè milyon moun bonbadman ameriken touye. Nou sonje ofisyèl meriken yo te twouve li nòmal pou 500 000 bebe irakyen mouri nan kad gwo anbago kriminèl yo te mete sou peyi sa a nan ane 2000 yo. Kit se nan Somali, Irak, Afganistan elatriye, lagè sa yo fèt pou pèmèt enperyalis meriken volè resous epi kontwole komès resous peyi sa yo.
Jou ki te 3 janvye 2026 la, se yon lòt epizòd nan pratik dappiyanp meriken ap kontinye fè nan peyi sid yo epi masakre mas popilè anba bonm ak dwon. Jou 3 janvye a, enperyalis meriken lage bonm sou venezuela, yo touye anviwon 100 moun, yo kidnape prezidan Maduro epi fèmen l nan prizon nan New-York.
Prezidan Donald Trump pa benyen kache lonbrik. Li deklare li bezwen pran kontwòl peyi Venezuela. Li pral dirije pwodiksyon ak komès petwòl Venezuela. Li enpòtan pou n fè sonje, atak 3 janvye a kont Venezuela fèt apre enperyalis meriken pase anviwon 20 lane ap eseye destabilize gouvènman Bolivaryen Chavis la.
Gouvènman Chavis la te kontinye nasyonalize yon pati nan resous peyi a. Nasyonalizasyon an te sèvi pou mennen yon politik ditribisyon sosyal nan enterè klas popilè yo. Refòm sosyal pwogresis sa a te deranje gwo chabrak nan Washington ak miltinasyonal meriken ki nan pwodiksyon petwòl. Depi lè sa, Venezyela ap viktim anba yon bann zak sabotaj, destabilizasyon tankou tantativ koudeta kont prezidan Chavez, tantativ koudeta kont prezidan Maduro, anbago tèt chaje kont pèp la, kreye prezidan fantom elatriye.
Malgre zak sa yo fè klas popilè yo soufri anpil, mas yo te rete solidè ak rejim lan nan chèche solisyon altènatif pou reziste. Se nan kad rezistans sa a, depi anviwon 4 mwa, enperyalis meriken ansèkle peyi Venezyela ak gwo pòtavyon, soumaren, bato epi mobilize plizyè baz militè nan Pòtoriko, Trinidad, Repiblik Dominiken elatriye.
Militè meriken yo bondade plis pase anviwon 30 ti bato pechè sou pretèks yo tap pote dwòg. Yo touye plis pase 100 moun ladan yo san okenn prèv, san okenn jijman. Otorite meriken yo deside bonbade ti vwalye yo jiskaske yo touye tout pasaje yo. Nan yon lòt nivo, lame meriken sezi plizyè bato petwòl peyi Venezyela. Finalman, yo bonbade plizyè vil epi yo kidnape Prezidan Maduro.
Ayiti Koupe Fache denonse enperyalis meriken ki, yon fwa ankò, ap detwui lavi, masakre popilasyon, okipe teritwa yon fason pou yo piye resous, eksplwate fòs travay klas ouvriyè a ak klas popilè yo nan peyi sid yo. Apre trèt negriye, kolonizasyon esklavajis ak pratik ekstòsyon neyokolonyal, jounen jodi a, anpil nan peyi sid yo toujou ap reziste anba bòt puisans enperyalis tankou nou wè sa ap fèt nan ka pèp Venezuela.
Nou pote solidarite nou bay klas ouvriye ak mas popilè Venezyela a nan sikonstans difisil sa a. Nou ap mande pou klas ouvriye ak mas popilè nan amerik latin, nan karaib la, nan amerik di no, ann Azi, ann ewop, Afrik elatriye pou denonse zak lagè ak kidnapin sa a enperyalis meriken fè kont Venezyela. Menmjan an tou, n ap kontinye denonse jenosid leta syonis Izrayèl ap fè nan palestin avèk lajan ak zam enperyalis meriken.
Raoul Gerard
ABA ENPERYALIS TOUT PLIM, TOUT PLIMAY!
VIV LIT OTONÒM PÈP VENEZUELA AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!
VIV LIT OTONÒM TOUT PÈP NAN MOND LAN AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!
J’aime ça :
chargement…